Viv ak lapè nan lespri w

Sante mantal se yon sijè ki souvan mal konprann. Anpil fwa, moun pasel anba pye oswa jete l kòmsi li pa t janm egziste. AdventHealth ak Heart of Florida United Way kreye yon kanpay ki rele Viv ak lapè nan lespri w, ki vize pou bay kominote nou yo pouvwa nan ankouraje konvèsasyon sou sante mantal.

Sante Mantal Ou Enpòtan

Nan kominote nou an, nou pa pale sou sante mantal paske souvan yon pran nou kom moun ki fèb oswa moun fou.

Sa ka anpeche moun rekonèt pwoblèm nan oswa chèche èd.

Sepandan, sante nou merite atansyon nou.

Ansanm, nou ka kòmanse konvèsasyon an. Ann koze.

AdventHealth ak Heart of Florida United Way kreye yon kanpay ki rele Viv ak lapè nan lespri w, pou bay kominote nou an pouvwa epi ankouraje nou louvri lespri nou ak kè nou.

Gras a yon bon donasyon Dr. Phillips Charities, de $6 milyon dolla te ede kreye yon pwogram sante mantal pou AdventHealth for Children. Sa se yon premye pwogram sou sante mantal ak konpòtmantal nan Santral Florid pou timoun ak jèn adilt ki konsantre sou louvri aksè timoun yo nan swen sante mantal.

Ann pran swen sante mantal nou ak sante lòt moun. Li lè pou fè chak konvèsasyon sou sante mantal tounen yon zak kouraj ak yon etap nan byennèt ou.

Liy Dirèk Gratis Pou Sante Mantal

2 items. To interact with these items, press Control-Option-Shift-Right Arrow

Resous Sante Mantal

3 items. To interact with these items, press Control-Option-Shift-Right Arrow
  • Liy Kriz Mesaj Tèks

    Telefòn: voye tèks HOME nan 741741

    Sitwèb: crisistextline.org

    Disponib: 24/7

    Liy sa la pou ou si w ap travese moman kriz emosyonèl oswa mantal. Li se yon opsyon pratik si tout fwa ou pa vle oswa ou pa kapab pale nan telefòn nan. Ou ka konekte ak yon konseye kriz ki resevwa fòmasyon nan mwens pase senk minit nan pifò ka yo. Yo la pou ede ak tout bagay, soti nan enkyetid ak depresyon nan presyon ki gen rapò ak lekòl ak panse swisid.

  • Liy Nasyonal Prevansyon Swisid

    Telefòn: 988

    Sitwèb: suicidepreventionlifeline.org

    Chat sou entènèt: suicidepreventionlifeline.org/chat

    Disponib: 24/7

    Liy Nasyonal Prevansyon Swisid ofri sipò gratis, konfidansyèl pou nenpòt moun ki nan detrès emosyonèl oswa ki fè fas ak panse swisid. Yo ofri tou de apèl nan telefòn ak chat sou entènèt ak konseye kriz ki resevwa fòmasyon ki ka ede w nan yon kriz.

  • Resous Sante Mantal

    Telechaje resous yo epi aprann plis sou byennèt mantal, ki sipòte pa ekspè sante mantal nan AdventHealth.

Mèsi a Patnè Fondatè nou yo

2 items. To interact with these items, press Control-Option-Shift-Right Arrow
Dr. Phillips Charities Logo

Dr. Phillips Charities

United Way Logo

Heart of Florida United Way

Showing 1 of 2